AYITI ENSEKIRITE: MOUN KAFOUFÈY REYAJI APRE MASAK LA.

Nan lannwit ayè dimanch 28 avril 2019 la plizyè moun kap viv nan zòn Kafoufèy reyaji apre masak bandi ak zam te fè nan enpas Eddy kote pou pi piti 8 moun te pèdi lavi yo selon dènye chif yo e plis pase yon dizèn lòt te blese.

Moun kap viv nan zòn Kafou fèy te òganize yo antre yo nan yon operasyon bat tenèb yèswa pou mande jistis pou viktim yo e pou fòse responsab yo pran responsabilite yo ak zak ensekirite sa kap vale teren nan peyi a depi yon bout tan, bandi ap pouse pi mal ke djondjon nan prèske tout zòn ou pase nan peyi a.

Selon yon abitan nan zòn nan ki tap reponn kesyon nou, li deklare si otorite konsène yo pa di yon mo pou yo apre mouvman bat tenèb la, yo pral tanmen plizyè lòt mouvman pou fòse yo pran responsabilite yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …