AYITI AZA: LOTRI LETA AYISYEN (LEH) ÒGANIZE PREMYE FESTIVAL JWÈT AZA NAN PEYI DAYITI

Nan kad plizyè aktivite administrasyon Lotri leta ayisyen (LEH) ki gen nan tèt li Marie Margareth FORUNÉ ap mennen pou pèmèt jwèt aza genyen yon meyè vi nan mitan popilasyon an òganize premye festival jwèt aza ki pote non « FESTIVAL AZA LAKAY » nan okazyon fèt travay ak agrikilti a kise premye (1e) me 2019 la sou plas kanapevè a.

Chèf Lotri leta ayisyen an (LEH) Marie Margareth FORUNÉ nan diskoul fè konnen jan yo te anonse sa pou 92 lane Lotri leta ayisyen an ekip Lotri leta ayisyen ofri yon spesyal festival jwèt aza a popilasyon an, li te pwofite pale de kisa Lotri leta ayisyen an ye ak jwèt aza san konte plizyè nouvote ki genyen anndan jwèt aza nan peyi Dayiti.

Rolex PIERRE ki se direktè admistratif adjwen Lotri leta ayisyen an remèsye tout moun ki sipòte gran aktivite sa pou li te kapab yon reyisit spesyalman konpayi telefonik natcom k’ap kolabore ansanm ak Lotri leta ayisyen an pou mete entènèt nan plizyè lekòl nasyonal pou elèv yo kapab travay.

Plizyè patenè jwèt aza te reponn prezan nan « FESTIVAL AZA LAKAY » pami yo: Paryaj pam, Kredi paryaj san konte plizyè bank bòlèt pou te pèmèt festival tounen yon reyisit

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …