AYITI VODOU: CHÈF KILT VODOU A NAN PEYI DAYITI OUGAN CEDRAL NOELUS VOYE YON MESAJ FÒ BAY OTORITE YO.

Chèf kilt vodou a selon arete prezidansyèl 4 avril 2003 a Ougan Cedral Noelus adrese li ayè samdi 18 me 2019 la ak dirijan yo pou pran bon jan mezi pou pase men nan konstitisyon an pou retire bonèt ki sou tèt pye palmis lan ki nan amwari a.

Selon chèf kilt vodou a nan peyi Dayiti se bonèt ki sou tèt palmis lan ki fè peyi Dayiti pa ka pwogrese e ki lakoz pèp ayisyen ap soufri konsa.  Ougan te tou pwofite salye frèl ak sèl li yo kote li di viv wa Augustin Saint Clou, viv Ati Carl Henry, viv ati Zantray, viv ati Badènide, viv ati Cecile viv tout ati òganizasyon vodou yo, Cedral Noellus fè konnen se nan tèt ansanm nou ka ede leta ayisyen chanje peyi a menm jan zansèt nou te goumen pou ba nou drapo a.

Ougan Cedral ki nome chèf kilt vodou nan peyi a nan arete 4 avril 2003 mande tout ougan yo pou yo prezante yo ak papye legal yon fason pou yo ka detèmine kijan kilt yo dwe fèt anndan peyi a. Li profite poul di:  « Se sektè Vodou a kite voyel ale prete sèman kòm chèf kilt Vodou a,  pèsòn moun paka inyore sa la lwa di, viv arete 4 Avril 2003 a ki rekonèt Vodou wa kòm religion andedan peyi a ». Pou tout kontak ak chèf kilt vodou ayisyen an ou kapab ekri oubyen rele nan nimewo sa yo:
4325-1770 / 4857-7546.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …