AYITI ZEN: YON GWOUP DEPITE CHWAZI BAY YON REPONS TÈT CHAJE AK 4 SENATÈ YO.

Yon gwoup ki gen plis pase swasant (60) depite ta chwazi bay yon replik ak gwoup kat (4) senatè yo ki anpeche premye minis nome a Jean Michel Lapin prezante enonse politik jeneral li nan palman an.

Selon enfo ki rive jwenn nou swasant (60) depite sa yo reyini nan objektif pou yo ta demisyone an blòk e ta gen kèk senatè ki ta chwazi demisyone tou sa ki pral mete palman an kadik, lè sa palman an pap ka pran okenn desizyon, pap gen kowòm palman pap egzite. Depite sa yo ta vle fè istwa yon lòt jan san kraze brize selon youn nan depite sa yo.

Selon menm sous la depite sa yo ak senatè sa yo fache anpil e yo santi yo wont pou sa ki pase ayè jedi 30 me 2019 la kote 4 senatè kraze biwo chèz koupe fil mikwo e fè anpil dega nan sena pou anpeche seyans lan fè.

Nan ka sa ta rive fèt 60 depite yo ta demisyone ak yon kantite senatè prezidan repiblik la Jovenel Moise pral oblije dirije pa dekrè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …