AYITI PNH: NAN KAD 24TRIYÈN LANE POLIS NASYONAL LA PREZIDAN REPIBLIK LA PWOFITE OKAZYON POU’L PALE AK PÈP AYISYEN AN

Ayè mèkredi 12 jwen 2019 la prezidan repiblik la Jovenèl Moise sezi okazyon an non sèlman pou li swete yon bon anivèsè ak kò lapolis la men tou pou’l pale ak pèp Ayisyen an.

Li te kòmanse pou’l di jou sa bay lapolis 24 lane depi plizyè gwoup jenn fanm ak jenn gason ap mete konpetans pou pwoteje vi ak sèvi. Li di nasyon an pap janm ka fin peye yo si non larekonesans etènèl li dwe genyen pou yo.

Chèf leta a tou pwofite okazyon pou’l mande yon minit silans nan memwa tout polisye ki tonbe yo. Li fè konnen lapolis se youn nan senbòl nasyon an, lè bandi atake yon polisye se tout kò polis la an jeneral li atake. Ènmi lapolis se ènmi nasyon an. Lè yon moun oubyen yon enstitisyon ap pran defans bandi kont lapolis se tout nasyon an li trennen nan labou. Pa gen lapè san lapolis, pa gen demokrasi san lapolis.

Nan menm okazyon an li pwofite pale de sitiyasyon malouk peyi a li di ki pa la ni yè ni avanyè ni jodi a men se yon pwoblèm ki la depi byen lontan. Li di li te gentan konnen tout obstak sa yo lap jwenn nan se akoz pwomès li te fè yo ki rann opozisyon an anfas li pou detounen pwomès li fè yo,tankou karavàn chanjman moun yo pa sispann pale mal pou di se lajan kap gaspiye, pa gen karavàn vre. Pou kouran 24/24 gen anpil lit pou anpeche li reyalize li,wout yo eksetera…

Li kontinye pou li di se toujou moman sa yo ki koz moun rich yo ap vin pi rich, li konn tout pwoblèm pèp la ap andire, pwoblèm koripsyon ak blanchiman lajan fòk lajistis fè travay li nòmalman pou mare moun ki gen men tranpe nan kòb ki gagote a. Li fè konnen gen yon bann lidè ki itilize mouvman sa yo pou voye prezidan ale pou ka gen pouvwa.

Antanke prezidan pèp la te vote pou al reprezante’l li pap bay vag lap kontinye travay pou li fè sa ki bon menmsi gen ti reta li di li pa janm twò ta pou fè sa ki bon.

Chèf leta mande pou lidè sispann fè sa ki pa anfavè pèp la fòk gen men nan men pou chanje sistèm sa.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …