AYITI MANIFESTASYON: LIDÈ OPOZISYON YO MAWON YON MANIFESTASYON KI TA PRAL DEVAN ANBASAD ETAZINI.

Ayè dimanch 28 jiyè 2019 kèk moun ki tap manifeste kont prezidan repiblik la Jovenel Moise e ki te genyen pou ale devan anbasad etazini nan peyi Dayiti move kou kong e tou pwofite kase mete nan men  lidè opozisyon yo ki pat prezan nan manifestasyon an.

Selon moun ki te vin patisipe nan manifestasyon yo ki te fache paske tèt de pon nan opozisyon yo pat la nan manifestasyon an se afè yo yap regle se moun yap met devan pou jere afè pèsonèl yo pandan yo pran pòz se pèp yap defann ak peyi, manifestan fè konnen mesye yo chita lakay yo ap karese viza ameriken yo epi pran pèp la mete devan menm medya ki konn kouvri manifestasyon yo pat prezan sou beton ni an dirèk.

Nap raple manifestasyon sila te gen pou misyon pou mande prezidan repiblik la rache manyòk li epi ale devan anbasad etazini pou mande blan meriken lage pye Jovenel Moise ke selon opozisyon ki kenbe prezidan an sou pouvwa a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …