AYITI EDIKASYON: KALANDRIYE SKOLÈ POU ANE 2019-2020 AN SOTI.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò kalandriye skolè pou ane 2019-2020 an.

Selon kalandriye a lekòl la ap ouvri lendi kap 9 septanm 2019 kap vin la, timoun yo ap gen pou yo fè 189 jou nan klas. Yap gen 11 jou konje.

Men jou kap konje yo selon kalandriye:

17 oktòb 2019: Lanmò Jean-Jacques Dessalines ;
1er et 2 novanm 2019 : Toussaint epi fèt mò yo;
18 novanm 2019: Batay vètyè ;
1er et 2 janvye 2020 Fèt endepandans epi jou dè Aye ;
24 et 25 fevriye 2020 : Kanaval ;
26 fevriye 2020 : Mèkredi Dè sand;
10 avril 2020 : Vandredi Sen ;
1 me 2020 : Fèt travay ak agrikilti;
18 me 2020 : Fèt Drapo ak inivèsite;
17 jwen 2020 : Fèt Dye.

Men jou egzamen yo ap fèt:

Premye kontwòl: 24 oktòb jiska 30 oktòb 2019.
Dezyèm kontwòl: 16 desanm jiska 20 desanm 2019.
Twazyèm kontwòl: 21mas jiska 27 mas 2020.
Katriyèm kontwòl: 15 jwen-2 jiyè 2020

Egzamen leta yo ap gen pou dewoule konsa:
Bac pèmanan :16-20 desanm 2019 ;
9ème AF : 15-18 jwen 2020 ;
Lekòl Nòmal Enstititè (ENI) : 15-19 jwen 2020 ;
Sant Edikasyon Familyal (CEF) : 15-19 jwen 2020.
Egzamen fen etid segondè : 29 jwen a 2 jiyè 2020 ;
Egzamen Fòmasyon Teknik ak Pwofesyonèl (FTP) : 27 jiyè a 11 jiyè
2020.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …