AYITI/DJÉL: GWO KOUT PWEN MARE NAN  TRIBINAL GONAYIV LA.

Sibtiti komisè gouvènman prè tribinal premye enstans vil Gonayiv la Mr Rosemond Alcide ouvè ak kout pwen avoka Prophète Estimé nan tribinal la  mèkredi 21 out 2019 la

Avoka Prophète Estimé ta pral pran kout pwen yo apre li ta pile sibtiti komisè gouvènman prè tribinal premye enstans vil Gonayiv la Rosemond Alcide. Selon enfòmasyon ke nou rive jwenn nan tribinal la Sibtiti komisè a ki pat aksepte eskiz la nan men avoka a pran kòlèt li e pase avoka a kèk pataswèl anndan tribinal la devan je tout moun.

Apre avoka Prophète  fin pran kou li al tante remèt kou yo sa ki pat rive fèt akoz komisè pat antre nan biwol touswit avoka a pase remò li sou pòt biwo komisè a kote li frape yo ak ray, lòt moun ki te nan tribinal la te oblije met bouch nan dosye a pou te evite sa vin pi grav.

Komisè prinsipal la mèt Serard Gasius ki kondane sak pase a fè konnen li pral pran mezi rapid pou rezoud pwoblèm nan, yon lòt bò kèk avoka nan bawo a ki solidè ak Prophète mande pou ale la jis ak dosye a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …