Ouragan Dorian ap dirijel sou eta Florid aprè pasaj li nan peyi Bayamas ki lakoz pou pi piti 7 moun pèdi yo lavi yo e san konte plizyè milye kay ki kraze.
daprè metewològ yo Dorian pèdi fòs li pase pou kounya nan kategori 2 sa ki pa reprezante twò gwo menas pou kot nòdès Florid la.
se pandan espesyalis yo fè konnen popilasyon an dwe toujou rete vijilan pa rapò ak kantite van epi dlo lanmè a ki ka monte sou tè a
nap soulinye otorite Florid yo gentan pran gwo dispozisyon tankou evakye plizyè milye moun ki tou prè lanmè a yon fason pou evite moun pa pèdi la vi yo.
Rikenson Fulgeance