AYITI/POLITIK: YON NOUVO BIWO TOU NÈF POU PLATFOM POLITIK SOLISYON.

Platfom politik (Solisyon) Sosyete lit pou linyon ak transparans entegrite oganizasyon avèk nasyon inogire nouvo biwo li jedi 5 septanm 2019 la klèsin 18 anfas baz minijis la

Nan kad Yon konferans pou laprès Frito Joseph Prezidan pati Sila nan entèvansyon li fè konnen nouvo biwo sa inogire nan lide pou rankontre ak divès manb li yo nan 10 depatman jerografik peyi a.

Yon lòt kote pòt pawòl pati Solisyon an Pastè Laguerre Thomslay Budlaire tou pwofite bay lekti li sou sitiyasyon sosyo politik peyi kote li fè konnen Platfom Solisyon nan opozisyon men se pa avek pouvwa à se pito ak lavi chè,chomaj ensekirite kap vale teren nan peyi a.

Pi lwen pòt pawòl la ale pi lwen poul di peyi a pa gen pwoblm sèvo,ni pwoblem lajan,se pito pwoblem konsyans kote li mande pou tout sektè mete tèt yo ansanm Yon mannyè pou retire peyi nan sa li ye la.

Nap raple platfom politik Solisyon regwoupe divès oganizasyon ak pati politik tankou Rozo,ak Mosa pou nou site sa yo selman.

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …