Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl pibliye rezilta elèv klas filo ki te ajoune yo pou diz (10) depatman peyi a.
Selon chif biwo nasyonal egzamen leta yo ki gen ti non BUNEXE pibliye nan 19 919 timoun ki tal konpoze pou klas filo pou ane akademik (2018-2019) la se 7 758 ki pase nan egzamen yo.
Men kijan sa ye nan chak depatman:
Nan Nòdwès to moun ki pas yo se 85.71%.
Nan Nò: 57.91%.
Nan Latibonit : 50.31%.
Nan Nip : 48.76%.
Nan Sidès : 41.29%.
Nan Grandans : 36.36%
Nan Wès : 36.24%.
Nan Sid : 22.60%.
Nan Sant : 17.18%.
Nan Nòdès : 16.49%
.