AYITI/REZO SOSYO: DG PNH LA RELE ANMWE POU PLIZYÈ KONT KI KREYE SOU NON LI.

Direktè pou yon ti bout tan nan tèt polis nasyonal peyi Dayiti a NORMIL Rameau denonse plizyè kont twitter ke moun yo pa idantifye kreye sou non li san li pa te bay aksè pou sa fèt.

Selon DG PNH la kont sa yo kreye nan objektif pou twouble je popilasyon an nan plizyè enfòmasyon ki trè sansib. Dg a anonse ke lalwa ap gen pou pran gwo sanksyon kont tout moun k’ap itilize non moun san otorizasyon pou kreye fo kont oubyen itilize yo mal pou regle afè yo.

Nap raple premye minis nome a Fritz William Michel pa twò lontan te viktim de menm sityasyon sila ki vin yon pratik nan peyi a depi kèk tan yon seri moun pran plezi kreye fo kont itilize non moun pou atenn objektif.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …