AYITI/BLAG: TOTO AL FÈ LA DEMAND KAY MENNAJ LI TI MAMOUN.

Ti Mamoun ki di papal ke Toto ap vin fè la demand pou li, nan apremidi lè Toto rive kay papa Ti mamoun li gen yon chiklèt nan bouch li lap moulen …

Papa a di: « Toto eske se pa mank respè pou vin kotem epi chiklet nan bouch ou konsa. »
Toto: « Ah! C paskem sot fimen wi papi. »
Papa: « An ou fimen ? »
Toto: « wi, depim komanse bwè anpil m fimen. »
Papa: « An ou bwè tou ? »
Toto: « Mèwi lèm al nan kafe m bwè anpil wi. »
Papa: « sa fe konbyen tan depiw pral nan kafe. »
Toto: « Ah depi lèm sot nan prizon an ».
Papa: « Ah bon! Ou te nan prison. Poukisa menm ? »
Toto: « Ah m te touye yon nèg. »
Papa: « oh! poukisa menm ? »
Toto: « Ah! misye pat vlem marye ak pitit fi li a. »
Papa: « ebyen monchè mwen pa gen pwoblèm avèw ou te mèt marye ak fanm ou frèm. »

Kredi foto: Pin Terest.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

LE MONDE/BLAGUE :QU’EST –CE-QUE ÇA VEUT DIRE LORSQU’UNE FEMME TE TRAITE DE CASTOR ?

C’est une journaliste qui va chez un artiste connu et elle lui demande : – …