ESPÒ/LIGA: BENZEMA BAY REAL MADRID LAVIKTWA.

Apre li te fin tonbe nan kòmansman semèn nan (0-3) nan Champions league la ayè dimanch 22 septanm 2019 la Real madrid an deplasman fè yon kout viktwa (0-1)fas ak ekip Seville an.

Se gras avèk Karim Bezema nan 64 yèm minit match la ki ta pral make yon bèl gòl pou fè (0-1) an gras avèk yon bèl pas li te resevwa, se Cavajal ki te santre pou li anndan sifas reparasyon malgre li pat fin alèz li fè yon kout tèt ki al fini kous li nan filè Seville an. Nan fen match la gen Javier Hernandez (Chicharito) ki ta pral jwenn chemen filè ekip Real la men gòl la pat valide akoz te gen pozisyon avanse nan aksyon an.

Malgre advèsè a tap mete presyon sa pat anpeche madrilèn yo konsève grenn gòl la pou viktwa.

Aprè viktwa sa ekip Real Madrid la genyen dezyèm plas klasman Liga Espanyòl la ak 11 pwen menmjan ak Atletic Bilbao ki premye pou yon pi bon diferans gòl.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …