AYITI /POLITIK:PREZIDAN JOVENEL MOÏSE DESIDE PAL PATISIPE NAN 74 ÈM SESYON ÒDINÈ ASANBLE JENERAl LA NAN NASYONZINI.

Sekretè jeneral la prezidans lan anonse nan yon kominike aprè midi 23 septanm 2019 la, ke prezidan Jovenel Moise deside pap reponn prezan ankò nan okazyon 74 èm sesyon òdinè asanble jeneral kap gen pou dewoule madi 24 septanm 2019 la nan peyi lèzetazini.

Nap sinyale se minis zafè etranjè a mesye Bocchit Edmond kap gen pou kondwi delegasyon an nan 74 èm sesyon òdinè asanble jeneral nan nasyonzini kap gen pou fèt jounen madi a.

Antretan divès sektè nan opozisyon an kase randevou pou jounen madi 24 septanm 2019 la, yon seri gwo mouvman nan tout peyi a ki vize dechouke Jovenel Moïse sou pouvwa a epi pou lal reponn kesyon lajis pou nonl ki site nan anpil gwo skandal

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …