AYITI/REYAKSYON: APRE PREZIDAN REPIBLIK LA TE ADRESEL AVEK NASYON AN MET ANDRE MICHEL TRETEL DE KADAV.

Apre prezidan repiblik la Jovenel Moïse fin adresel avèk nasyon an pou mande tout fòs viv nasyon an mete tèt yo ansanm kole zepòl pou chanje sitiyasyon yo, reyaksyon yo pa sispann tonbe, apre prezidan mande pou tout moun nan sosyete a fè yon trèv pou ka bay peyi a yon nouvo gouvènman apre sis (6) siyans ratifikasyon ki pa rive reyisi pou 2 premye minis.

Mèt Andre MICHEL anonse mobilizasyon manch long paske prezidan repiblik la se yon kadav, li pa dwe rete nan tèt peyi a, chèf leta ki pa gen pyès apresiyasyon nan zye sektè demokratik popilè a dwe atann avèk plizyè pwotestasyon.

Malgre Prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE mande premye minis demisyone Jean Michel LAPIN pran tout dispozisyon pou enpeche moun kontinye pèdi sa yo genyen, pou timoun kapab al lekòl paske tout moun gen dwa nan sosyete a.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …