LEMOND/DÈY: JACQUES CHIRAC ANSYEN PREZIDAN PEYI LAFRANS LAN MOURI

Jacques chirac ansyen prezidan fransè a pèdi lavil a 86 lane nan lannwit mèkredi 25 septanm lan pou louvri maten jedi 26 septanm 2019 la

Jacques chirac pase plis pase karant (40) lane nan politik peyi lafrans kote li te konseye minisipal, depite, minis, premye minis epi majistra nan vil paris.

Aprè plizyè fwa li patisipe nan eleksyon prezidansyèl peyi lafrans nan lane 1995 li arive ranpòtel nan dezyèm tou fas ak Lionel Jospin sou yon afè 52% vwa kont 48 %.

Nap raple Jacques Chirac se senkyèm prezidan peyi Lafrans epi li pase 12 lane ap dirije peyi a soti 1995 pou bout nan lane 2007.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …