LEMOND/EKONOMI:KRISTALI GEORGIEVA NAN TÈT (FMI).

Ansyen direktris bank mondyal la Kristalina Georgieva ranplase ofisyèlman Christine Legarde pou yon dire senk (5) lane nan tèt « Fonds monétaire international » (FMI) ayè mèkredi 25 septanm 2019 la

Ekonomis sa ki gen 66 lane sèlman nan deklarasyonl aprè li fin jwenn nominasyonl kòm direktris (FMI) pwofite pou di li pran nouvo fonksyon sa pandan li konnen li gen gwo defi poul leve

Nap fè konnen nouvo direktris (FMI) an ap komanse travay nan dat premye oktòb ki gen pou vini la epi swit ak nouvo fonksyon sa ekonomis peyi Bulgarie a vin okipe a li vini kom premye moun ki soti nan yon ekonomi emèjan kap dirije enstitisyon sila.

 

Otè:Anderson PHEBE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …