AYITI/ANVIWONMAN: PANDAN PEYI AN MÒD MANIFESTASYON AVÈK VYOLANS PLIZYÈ JÈN NAN TOMOND AP PLANTE PYE BWA.

Plizyè jèn ki soti nan « Baille Tourible » ki twouve li nan seksyon kominal Tomond fè yon mach pou klima vandredi 27 septanm 2019 la pandan plizyè vil nan peyi a tap konnen yon seri de gwo mouvman vyolans.

Mach sa batize Fridays For Future ki gen nan tèt li Greta Thunberg ki se yon jèn militant ki soti nan peyi Laswèd, pandan mach sila jèn yo te tou pwofite plante kèk pye bwa e sansibilize popilasyon an de ki enpòtans pye bwa genyen pou klima a.

Aktivite sa antre nan kad kout men jèn yo ap bay nan rebwazman peyi Dayiti selon òganizatris la Greta Thunberg.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …