AYITI/PNH: YON NOUVO KOMISÈ POLIS NAN KOMIN SENMAK.

Direktè depatmantal polis Latibonit la Jean Castro Prévil entale lendi 30 septanm 2019 la komisè Jean Claude Jean nan tèt komisarya Senmak la.

Jean Claude Jean vin ranplase nan pòs sa Marie Diéname Joseph Borgelin pase onz (11) mwa nan pòs sa.

Desizyon sa pran apre vil Senmak ap konnen yon moman trè difisil ak yon seri manifetasyon trè vyolan kap fèt nan vil la pou mande prezidan repiblik la Jovenel Moïse pou bay talonn sou pouvwa a, kote anpil biznis prive gentan kraze epi piye menm biwo depite Samuel D’Haïti pat epanye anba manifestan yo ki te antre nan biwo sa krazel epi met dife nan tout sa yo te jwenn anndan li jou ki te vandredi 20 septanm 2019 la.

Nap raple pandan mouvman vyolans sa yo gen anpil enfòmasyon ki ta fè kwè manifestan yo ta dezame plizyè polisye nan vil Senmak.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …