AYITI/DIPLOMASI: PREZIDAN REPIBLIK LA RESEVWA LÈT KREYANS NOUVÈL ANBASADRIS INYON EWOPEYÈN NAN NAN PALÈ NASYONAL.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse resevwa jedi 3 oktob 2019 la nan palè nasyonal lèt kreyans nouvèl anbasadris Inyon Ewopeyèn nan Sylvie Catherine TABESSE.

Nan yon entèvyou li bay laprès nouvèl anbasadris Inyon Ewopeyèn nan peyi Dayiti di, se yon plezi pou li remèt lèt kreyans li bay chèf leta Ayisyen an, sa ki pral pèmèt li egzèse fonksyon li nòmalman pou mete plis serenite nan ralasyon ant de (2) pati yo pou fè plis devlopman pou ede pèp Ayisyen an.

Madam Sylvie Catherine TABESSE ranplase nan pòs sa anbasadè Vincent DEGERT ki pase anviwon kat (4) lane nan pòs sila nan peyi Dayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …