AYITI/DYALÒG: PLATFÒM RELIJYON POU LAPÈ MANDE LIDÈ YO POU PRAN CHEMEN DYALÒG.

Nan yon nòt ki soti jedi 3 septanm 2019 la relijyon pou la pè mande tout pati ak lidè yo pou yo pran chemen dyalòg pou rezoud kriz sa kap ravaje pèp ayisyen an.

Selon Platfòm nan kraze brize sa, kap fèt nan peyi a la pap regle anyen ke fè bagay yo vin pi di ke jan yo ye a.

Selon nòt la, sityasyon vi pèp ayisyen an dènye tan sa yo pi mal ke tout peyi nan karayib la paske pèp la poko janm ka jwenn yon lidè ki konnen ke yon peyi paka mache san dyalòg ak negosyasyon, pou Platfòm nan se sèl dyalòg ki kapab fè yon peyi mache.

Nan nòt sila relijyon pou lapè rele tout moun nan sosyete sivil la, tout kouch viv nasyon an, politisyen yo, kominote entènasyonal la ki yo menm te deja mande sa, pou pote kole pou bay jarèt ak dyalòg la pou retire peyi a nan sa li ye la epi pou evite yon beny san fèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …