AYITI/ETAZINI: YON SENATÈ AMERIKEN VOYE YON MESAJ KLÈ BAY MOUN KI AKIZE ETAZINI NAN KENBE JOVENEL MOISE SOU POUVWA A.

Nan yon entèvyou youn nan senatè ki reprezante eta Florid nan sena ameriken an Marco Rubio bay jounal Miami Herald, senatè a fè konnen peyi Etazini pap mele nan sa kap pase nan peyi Dayiti a.

Selon senatè a enterè li nan peyi Dayiti se te pou peyi a gen demokrasi, eleksyon ak etadedwa li fè konnen lap kontinye sipòte li nan sans sa men nan kesyon pou konn kiyès ayisyen yo chwazi kòm lidè yo sa depann de manman lwa ki gen nan peyi a, senatè a kontinye pou li di yo pa gen okenn wòl pou yo jwe nan kesyon ki moun kap demisyone oubyen ki moun kap rete sou pouvwa a.

Nap raple moun kap manifeste kont prezidan repiblik la Jovenel Moïse depi kèk tan nan prèske tout kwen nan peyi a pa sispann akize peyi Etazini kòm peyi ki kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa a.

 

Kredi foto: QUARTZ.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …