AYITI/PWOTESTASYON: BARIKAD SOU CHANMAS POU ANPECHE SEREMONI OFISYÈL ANTRE ANE JIDISYÈ A.

Byen bonè maten lendi 7 oktòb 2019 chanmas leve anba gwo barikad nan tout ti kwen, moun yo pa fin twò gen kontwòl kache ap voye wòch sou tout sa kap pase machin moto moun.

Mouvman sila se pou anpeche seremoni ofisyèl pou antre ane jidisyè 2019-2021an ki ta dwe fèt nan kou de kasasyon jodi lendi a selon yon militan ki tap mete barikad pa twò lwen ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal yo.

Nan yon Memorandòm, Prezidan Kou kasasyon an René Sylvestre anonse ane jidisyè 2019-2020 an louvri nan tout jiridiksyon peyi a Jan manman lwa peyi a di sa nan atik 75 dekrè 23 dawout 1995 lan men pap gen ankenn seremoni ofisyèl kap òganize akoz latwoublay yo.

Prezidan CSPJ a swete yon bon lane jidisyè ak tout jij, ofisye pakè yo ki bò kote jiridiksyon kou kasasyon, 5 kou dapèl, 18 tribinal premye enstans , 183 tribinal (de) paix ak tribinal eksepsyon yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …