AYITI/DEBLOZAY: LÒBÈY PETE NAN DELMA 65 ANT MANIFESTAN YO AK MOUN KAP VIV NAN ZÒN NAN.

Gwo konfli pete ak kèk moun kap viv nan Delmas 65 ak yon gwoup manifestan ki tap fouye moun moto machin e menm antre nan biznis ak kay moun al piye selon sa moun nan zòn nan fè konnen ayè 7 oktòb 2019 la.

Popilasyon an te oblije kanpe pou defann tèt yo, sa ki te vin fè yon gwo gè wòch nan zòn nan ant manifestan yo ak abitan yo, abitan yo rive mete men sou plizyè manifestan ki te plen telefòn bous moun nan valiz yo e genyen ki te gen zam.

Popilasyon remèt lapolis moun sa yo ki selon abitan yo ta soti Site Solèy pou vin atake yo, yo mande pou lapolis pran responsabilite yo ak moun sa yo ki pran plezi dechèpiye byen prive moun.

 

Kredi foto: HPN

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …