ESPÒ/MATCH ZANMITAY: NEYMAR PA RIVE MAKE SANTYÈM GÒL LI AN.

Maten jedi 10 oktòb 2019 la, Brezil tap toke kòn li avèk seleksyon Senegalèz lan nan vil Sengapou yon match selesawo an te pran trè serye.

Byen bonè nan rankont lan G.Jésus ta pral sèvi Roberto Firmino ki ouvri kontè an pou seleksyon brezil lan swa 11 minit.
Seleksyon ke Tite ap kondwi an te trè reyalis li make sou sel chout li fè nan kan an nan 30 premye minit jwèt lan,
Men poulen Aliou cissé yo te parèt motive, yo tante anpil pou jwenn egalizasyon an avèk 2 Gwo okazyon avèk Idrissa Gueye epi Sadio Mané nan 19′ epi 26′ dènye an sove pa pòtye eksperimante Livèpoul lan Alison.

Neymar ki tap jwe santyèm match li ak koulè Brezil la pa rive make santyèm gòl li jodi fas ak ekip Senegal la. Brezilyen an deja make 99 gòl pou peyil.

Neymar pase nètman akote pou santenè sa, li pa jwenn anyen poul te pase nan bouch li, a chak fwa lè Coutinho tante alimante li, swa pas yo pa rive oubyen atakan parizyen bite sou yon Gassama vivan nan lateral dwat Lyon teranda yo.
Ankò coutinho Neymar fas a fas ak gadyen advès la men yon dènye fwa li rate okazyon pou te fè (2-0) an.

Se sou menm aksyon sa Gomis pèmèt koyekipyel yo egalize sou yon gòl penalite ki transfòme pa Diedhiou nan fen premye mitan an (45’+2).

Soti nan vèstyè senegalè yo tap jwe trè byen malgre plizyè tantativ pat gen evolisyon nan tou de « 2 » kan yo jiska dènye kou siflè abit la.

Ankò yon dezyèm match san viktwa pou Tite nan tèt selesawo an depi lèl pranl lan, apre Pérou te fin bat jodi an se kay Senegal (1-1)

Nap raple nou nan tounen saa brezil ap jwe wikenn nan avèk Nigeria a « 8hr Am »

 

OTÈ:JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …