LEMOND/MANIFESTASYON DE JWA:GOUVÈNMAN EKWATÈ A RETOUNEN SOU DESIZYONl POU BESE PRI GAZ LA.

Aprè pil gwo presyon pèp ekwatoryen an te fè sou gouvènman an pou fòse yo retounen sou dekrè yo te pran pou monte pri gaz la, gouvènman an obeyi e tande vwa popilasyon an.

Plizyè milye moun te rive pran la ri  dimanch 13 oktòb 2019 lan nan kapital Ekwatè nan lide pou manifeste kontantman yo aprè gouvènman an te pran desizyon pou bese pri gaz la ki te monte nan jou pase yo nan peyi a.

Nap fè remake dezisyon sa rive pran aprè yon antant ki te genyen ant gouvènman an epi ak reprezan gwoup endijèn yo ki se youn nan prensipal fòs ki tap sekwe peyi a pou fòse otorite yo retounen sou desizyonl

Poun fini nap raple peyi Ekwatè sot kouri sou 12 jou depil te bloke kote popilasyon an tap egzije pou gouvènman an fè retrè sou dekrè li te pran pou monte pri gaz la

*Rikenson Fulgeance.

KREDI FOTO: LIBERATION

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …