AYITI/ENSIKIRITE:PLIZYÈ GWO KRIMINÈL JAMAYIKEN KITE NAN PRIZON VIN KACHE NAN PEYI DAYITI.

Delano WILMOT alyas « PREKEH » youn nan pi gwo kriminèl otorite nan peyi Jamayik ap chache ap flannen libe libè nan peyi Dayiti daprè yon komisè nan peyi Jamayik.

Kriminèl sa akize nan plizyè zak touye moun e li menm fè afwontman avèk yon patwouy defans peyi Jamayik ki te gen twa (3) sòlda, san konte plizyè lòt zak malonèt li fè.

Anpil nan kriminèl sa yo te deja kondane pou pase vi yo nan prizon pou gwo zak avèk moun yo retire lavi yo, yo sove kite prizon kote yo te ye a apre gwo presyon jiridiksyon kote yo ye a ap fè sou yo tankou pawas St James, Hanover ak Westmoreland.

Kriminèl sa yo ki jwenn kondanasyon yo depi plizyè ane ta deja sou sòl Ayisyen an kote youn pami yo ki rele Shaniel LUTON ki akize pou vann zam ilegal avèk dwòg san konte moun li tire ki kondane nan lane 2015, evade nan prizon ST James lan ta bay dènye souf li nan peyi Dayiti.

Apre afwontman li avèk yon gwoup gang nan peyi Dessalines nan daprè komisè Ellis nan peyi Jamayik k’ap tann yon tès ADN pou konfime sa pou plis asirans, anpil lòt nan kriminèl sa yo pran direksyon Costa Rica selon komisè a.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …