JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM RIRAL: ÒGANIZASYON FANM DESIDE PWOFITE PALE AK FANM RIRAL AN AYITI YO.

Fanm Deside, yon òganizasyon fanm kap valorize ak defann fanm riral yo nan Jakmel, pale ak fanm Ayisyèn ki nan zòn riral yo, pou Madi 15 Oktòb 2019 ki te jounen entènasyonal Fanm riral, nan yon nòt ki gen siyati kòdonatris òganizasyon Fanm Deside, Marie-Ange Noël.

Nan okazyon sa a òganizasyon an eksprime solidarite li avèk fanm ki nan anviwònman sa a ki nan sitiyasyon mangonmen, espesyalman nan kontèks politik aktyèl peyi a.

Fanm Deside ankouraje fanm sa yo pou yo bay agrikilti a avèk Elvaj la jarèt. Paske sektè sa yo se eleman enpòtan nan ekonomi peyi Dayiti.

An menm tan òganizasyon an lanse yon apèl ijans pou òganizasyon k’ap travay nan sektè agrikilti. Kote li mande yo bay fanm ki nan zòn riral yo sipò ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nasyonal la malgre peyi Dayiti ap konnen yon kriz sosyo-ekonomik ak politik pandan dènye tan sa yo.

Nadiajean2015@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …