LEMOND/PWOTESTASYON: GWO PANIK NAN VIL BASELÒN.

Patizan gwoup endepandantis yo pa vle bay legen, yon lòt fwa ankò yo te plizyè santèn milye manifestan te pran la ri jounen vandredi 18 oktòb 2019 la nan vil katalan nan lide pou kontinye pwoteste kont dirijan endepandantis yo ke lajistis espanyòl arete.

Pandan tout pakou manifestasyon an pwotestatè yo tap lanse vye pawol piman bouk sou otorite jidisyè yo ki kondane patizan yo a pou pase plizyè lane nan prizon epi rive mete barikad nan chak kwen nan vil la yon fason pou pèmèt revandikasyon yo pase

Yon sitiyasyon ki pèmèt otorite santral yo rive depeche ajan fòs de lòd yo yon fason pou evite plis dega fèt nan vil la

Pandan tout jounen an se grèv jeneral la avyon pa vole machin pa sikile epi kèk grenn izin pa rive fonksyone

Pilwen menm seri panik sa yo ki gen nan vil la pèmèt federasyon foutbòl klasiko a blije repòte mach baselòn reyal madrid la ki tap gen pou jwe 26 oktòb kap vini la

Malgre prezans fòs lòd yo manifestan yo pat sispann fè vyolans epi tire tout sa yo jwenn sou wout yo sou polisye yo

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …