AYITI/ENSEKIRITE:BANDI NAN GRAN GWAV ATAKE YON JOUNALIS PREZANTATÈ JOUNAL PREMYE OKAZYON RADYO TELEVIZYON KARAYIB.

Bandi nan lokalite Foche nan komin Gran Gwav avèk gwo zam nan men atake kòtèj yon delagasyon kit’ap rann yo nan vil Okay ki chita kòl nan depatman Sid peyi a ayè Vandredi 18 Oktòb 2019 la, pou t’al asiste avèk lanmò papa Pierre Renèl RENÉ youn nan prezantatè emisyon jounal premye Okazyon sou antèn radyo televizyon Karayib, nan moman yo t’al eseye monte sou yon barikad bandi sa yo te gen kontwòl.

Yon antèman ki chante nan legliz Batis Fòmon jodi Samdi 19 Oktòb 2019 la, nan 3zè nan laprè midi nan komin Tobèk, Pierre Renèl RENÉ kite nan tèt delegasyon sa di bagay la te vrèman konplike nan men yo, apre nèg ki gen gwo zam nan men yo ta pral mete yo kouche pou fouye kòtèj yo te ye a.

Bandi sa yo pat ba yo chans pou te kite yo kontinye wout la pou te kapab rive nan lanmò a, yo te oblije kase tèt tounen nan kapital Ayisyèn nan, apre moman difisil yo te sot viv nan komin Gran Gwav.

Tout staf ekip ECHOJOUNAL la koube yo byen ba pou swete Pierre Renèl RENÉ kodeleyans, e pote sipò nou ba li nan moman difisil l’ap travèse a, nou swete li jwenn fòs avèk kouraj pou kontinye nan misyon li genyen.

Kredi foto: Facebook

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …