AYITI/ZEN: YON AVOKA AP TOUCHE LAJAN BMPAD AN MENM TAN LAP DEFANN SOGENER.

Guerrier Henry deklare nan lannwit 24 oktòb 2019 la nan emisyon « Boukante lapawòl » sou Mega FM ke Jacques Lochard ki se avoka BMPAD e ki touche mwa septanm 2019 nan BMPAD se avoka konpayi Sogener ki nan konfli ak BMPAD.

Selon Guerrier Henry se Jacques Lochard ki te prezante pou konpayi Sogener ke BMPAD te voye manda bay responsab yo 18 oktòb 2019 pase a pou vin peye yo 194,507,067.19 dola vèt ke BMPAD di konpayi Sogener dwe yo.

Nap raple nan plizyè twit youn nan responsab konpayi Sogener yo Dimtri Vorbe ou ka wè lap trip sou leta ayisyen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …