AYITI/POLITIK: PREZIDAN REPIBLIK LA BAY NASYON AN EKSPLIKASYON SOU DESIZYON LI POT KO PRAN YO.

Byen bonè maten lendi 28 oktòb 2019 la prezidan repiblik la Jovenel Moïse adrese li ak nasyon an nan yon intèvyou anrejistre li te bay radyo metropòl, prezidan an mande pèp la eskiz paske se kounye li pran desizyon sa yo kote li koupe kontra kouran an e koupe tout franchiz nan dwàn yo.

Selon sa prezidan an fè konnen li pat ko gen rapò sou kontra kouran yo ak jan bagay yo tap pase nan dwàn yo se sak fè se kounye a li koupe yo. Prezidan an tou pwofite reponn kesyon ki ta fè kwè se ta yon regleman de kont ki ta fèl koupe yo selon prezidan li koupe yo nan enterè peyi a.

Prezidan an bay detay tou sou èd alimantè li mande peyi Etazini ke anpil moun nan opozisyon an fè konnen se okipasyon li ta mande, selon prezidan an li mande èd la paske li prevwa yon kriz alimantè nan peyi a apre kriz selon prezidan an dirije se prevwa el fè konnen peyi Etazini aksepte pou bay èd la.

Prezidan an reponn kesyon tou pou moun ki di se Etazini ki kenbel yo, nan repons prezidan an li fè konnen si opozisyon ta pran pouvwa se premye peyi yo pral chache kòm alye e nenpòt moun ki ta gen pouvwa se menm bagay la yap fè.

Prezidan an fè konnen kriz peyi a ap konnen dènye tan sa yo ta dwe yon opòtinite pou retire popilasyon an nan mizè yap konnen nan dènye tan sa yo.

Selon prezidan an li se bèt nwa paske se li ki gen pouvwa, li fè konnen solisyon pou rezoud pwoblèm nan se pou tout moun ladann depi gen esklizyon entèl pa ladann nou fenk kare nan kriz.

Selon prezidan an pèp la an kolè kont li paske li pat rive fè refòm yo janl te dwe gentan fèl e sa rive paske li pat gen done yo li pwomèt lap pran tout dispozisyon li dwe pran pou soulaje mizè pèp la e pèmèt yo reprann aktivite yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …