AYITI/DEVLOPMAN: YON SITWAYEN ANGAJE AYISYEN BAY KISA POU PÈP AYISYEN AN FÈ POU RIVE DEVLOPE PEYI A.

Peyi Dayiti apre endepandans li ki toujou ajenou pa sispann mande san devlope tèt li, chak ane ki rantre lap konnen moman difisil ki pa sispann konplike pou popilasyon an, kote pitit peyi a pa sispann jwenn imilyasyon nan chache lavi e menm pran imilyasyon sou tèritwa lakay yo avèk peyi etranje, kote yo sibi tout kalte bagay anpil nan yo menm rive pèdi lavi yo.

Jean Daniel ESTAPHAT, yon jèn Ayisyen ki angaje li nan konba pèp la, retire chapo li byen ba pou salye pèp Ayisyen an, pyonye modènizasyon an pwofite mande otorite ki la ansanm avèk otorite ki ap gen pou vini yo pran chimen modènizasyon pou chanje sistèm ekonomi nou an, sistèm edikasyon nou an, sistèm politik nou an, sistèm sosyal nou an, sistèm jistis nou an konsa nap gen yon Ayiti ki fè fyète tout pitit li.

Yon modènizasyon kap chita sou zanmitay youn ak lòt pou pote chanjman pou tout moun, kote timoun yo, moun ki nan faktori yo va gen yon meyè vi avèk yon meyè ankadreman, yon modènizasyon kap valorize tout jèn, nan ba yo bon jan fòmasyon pou itil tèt yo, fanmi yo ak peyi yo, yon modènizasyon kote lajan leta pap ni gagote ni al sere nan peyi etranje, yon modènizasyon kap mete sistèm sante a djanm pou bay tout moun sèvis, yon modènizasyon kote tout depatman peyi Dayiti ap devlope, ni moun lavil ni moun nan mòn ap gen menm edikasyon.

Paske si nou bezwen yon meyè peyi ki gen bon jan devlopman an, se nou tout ki pou pran konsyans mete tèt ansanm mete men, kole zepòl pou modènizel pou tout moun kapab viv alèz.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …