AYITI/SANTE: LOPITAL JENERAL PI MALAD KE MALAD YO.

Lopital jeneral trè an difikilte nan moman popilasyon an pi bezwen sèvis li.

Lopital leta a ki te deja ap konfwonte gwo pwoblèm nan jou avan yo, vin pran yon pi gwo frap pandan kriz peyi lòk la kote yo vin ogmante pandan malad yo ap miltipliye chak segond epi sèvis yo ap redui.

Lopital jeneral pa ka bay sèvis nan dènye tan sa yo akoz medsen yo pa jwenn kote pou yo pase akoz barikad nan tout kwen nan peyi a pou al bay moun ki bezwen swen yo swen.

Lopital la pa gen pou pi piti yon machin (bis) ki kapab al chache pèsonèl li yo epi mennen yo tounen lakay yo, sa lakoz malad yo pa ka jwenn doktè pou bay yo swen.

Doktè ak mis yo ki riske janbe barikad yo pou vin pote swen a malad yo pa ka jwenn yon seri materyèl enpòtan pou yo travay.

Selon enfo nou rive jwenn bò kote kèk moun nan lopital la, lopital leta a pa menm genyon anbilans ki ta ka transpòte yon malad ki ta an difikilte e ka li ta mande pou transferel.

 

Kredi foto: Radio Haiti News

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …