LEMOND/KOMINIKASYON: TWITTER PRAL METE FEN AK TOUT PIBLISITE KI GEN POU WÈ AK POLITIK SOU REZO A.

Jack Dorsey fondatè annaprè rezo sosyal Twitter a, fè konnen yo pral kanpe tout piblisite ki gen pou wè ak dosye politik sou rezo a nan dat kap 22 novanm 2019 ki gen pou vini la// nan yon mesaj li poste sou kont twitter li ayè mèkredi 30 oktòb 2019 la

Pilwen fondatè annaprè rezo sosyal twitter a fè konnen yo pran desizyon pou mete fen ak tout piblisite politik sou rezo a nan tout mond la paske yo panse yon mesaj politik se pa achte li dwe achte men pito se yon merit.

Pou fini nap fè konnen desizyon sa prèske menm jan ak sa fondatè fesbouk la Mark Zukerberg te pran nan yon diskou li te fè nan inivèsite « Goergetown » ki twouvel nan Washington vil peyi Etazini lèl te defann tout mesaj politik e ankò si li ta gen bagay ki pa verite.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …