AYITI/KOURAN: ANPIL POSIBLITE POU ZÒN METWOPOLITÈN LAN NAN NWA ASWÈ A

Vis prezidan konpayi Sogener a Dimitri Vorbe, fè konnen akoz pwoblèm gaz, konpayi an ap gen zewo megawat sou rezo a aswè a, nan yon mesaj li poste sou kont twitter li jodi lendi 4 novanm 2019 la

Dimitri Vorbe ale pi lwen pou di depi kèk jou motè konpayi Sogener yo ap mache a mwatye yon fason pou te ka kenbe plis ke posib pou ede popilasyon an jwenn kouran EDH

Nap raple prezidan repiblik la te anonse kontra Sogener te genyen ak leta a koupe kèk jou aprè EDH te prete konpayi a 200 mil galon mazou nan dat ki te 28 oktòb pase a pou te evite popilasyon an konnen plizyè jou nwa

Pou fini nap fè konnen swit ak prè sa EDH te fè Sogener a Dimitri Vorbe te fè konnen li pa janm resevwa yon lèt leta Ayisyen ki di kontra a koupe.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …