AYITI/VYÒL: PLIZYÈ FANM NAN PRIZON GONAYIV LA SIBI ZAK KADEJAK.

Plizyè òganizasyon kap defann dwa fanm nan site endepandans lan denonse zak Kadejak fanm yo viktim nan prizon sivil Gonayiv la.

Pandan prizonye yo tap tante sove jedi 07 pou rive vandredi 08 novanm 2019 pase an nan lokal pwovizwa prizon sivil Gonayiv lan genyen zak kadejak ki fèt sou 13 fanm ki te fèmen nan yon selil nan prizon an, medam yo ta viktim anba men plis pase 300 prizonye nan moman an selon enfo yo.

Genyen plizyè responsab estrikti ak òganizasyon kap defann dwa moun e kap milite nan defann dwa fanm yo nan depatman latibonit ki denonse ak tout fòs yo zak kadejak sa a kote yo fè konnen se pa posib pou fanm yo kontinye ap sibi zak vyolans nan sosyete an toujou.

Nap raplew aprè tantativ envazyon sa responsab yo nan lajistis ak la polis pran desizyon pou transfere prizonye sa yo nan plizyè lòt prizon sivil nan peyi an nan lide pou evite zak sa a pa rive fèt ankò jiskaske leta ayisyen kapab konstwi yon bon prizon sivil nan site endepandans lan, sa ki pa egziste nan vil Gonayiv depi nan lane 2004 kote manifestan yo te boule prizon an nan mouvman ki tap fèt pou te dechouke ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …