AYITI/ENSEKIRITE: APRE BANDI TIRE SOU YON ANBILANS LAKWAWOUJ RESPONSAB YO MENASE KANPE SÈVIS YO SI SA KONTINYE.

Nan misyon Lakwawouj ayisyèn genyen pou sipòte popilasyon an malgre kriz politik Ayiti ap travèse, responsab yo sòti yon nòt pou kondane zak twa (3) moun yo pa rive idantifye sou yon motosiklèt fè sou yo kote yo tire sou yon anbilans nan Akayè jou ki te dimanch 10 Novanm 2019 la malgre pa gen moun ki viktim.

Responsab yo di jan sitiyasyon an ap dewoule nan peyi a bay gwo kè kase pou bay sèvis a popilasyon an, yo fè konnen si pa gen yon solisyon ki rive pran pou garanti anplwaye yo bon jan sekirite yo pap kapab kontinye bay popilasyon an sèvis.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …