AYITI/POLITIK: PATI POLITIK KLAS TRAVAYÈ REVOLISYONÈ AYISYEN (PTRA) PALE AVÈK TOUT MILITAN KI VLE DECHOUKE SISTÈM NAN.

Pati politik klas travayè revolisyonè Ayisyen (PTRA) ki gen nan tèt li pou sekretè jeneral Jean Pierre LUCKNER (Djo OULIANOV)ki kreye nan mwa Novanm lane 2015 nan objektif pou òganize mas yo, ki gen ti machann, ti peyizan, jèn pwofesyonèl nan peyi Dayiti kijan pou yo pran konsyans jiskaske yo pran pouvwa pou kapab chanje sosyete a, pale ak tout militan k’ap konbat tout abi sistèm nan fè yo ak fanmi yo.

Kote yo di militan konsekan yo, ti machann k’ap redi, jèn fanm ak jèn gason ki gen fòmasyon ki toujou ap sibi anba sistèm pouvwa enperyalis lan, pou yo pa kite pyès pwofitè parèt nan tèt mouvman sa ki la pou chavire tout abi sistèm nan fè yo sibi, sitou pouvwa an plas la ki pa sispann souse san malere k’ap pase mizè pou chache yon vi miyò.

Anpil nan moun sa yo ki pran pòz y’ap kraze sistèm nan sou fòm opozisyon pou ka fofile kò yo pou toujou gen kontwòl tout bagay nan peyi a pandan depi nan lane 2004, 2010 ak jounen jodi a se toujou kila, pandan blan enperyalis se menm moun sa yo li toujou itilize pou pwoteje enterè yo nan peyi Dayiti, pandan militan yo menm toujou rete nan kras la ap sibi.

Pati politik klas travayè revolisyonè Ayisyen (PTRA) di li konnen pèp la pa gen materyèl militè pou konbat sistèm nan, men fòs yo nan tèt ansanm ak volonte detèminasyon yo kapab ba yo viktwa final la, paske yo nan lesklavaj twò lontan anba men sistèm sa ki pa ba yo regle anyen pou yo pou chanje kondisyon vi sak pi mal yo.

Pati politik klas travayè revolisyonè Ayisyen (PTRA) di tout militan kale je yo, veye anwo veye anba, pa pran presyon pèsòn, defann dwa yo ak enterè jenès la paske twòp jèn tonbe nan manifeste pou mande yon meyè kondisyon pou yo viv.

Vle pa vle Pati travayè revolisyonè Ayisyen (PTRA) di sistèm nan ap fini pa tonbe paske san twòp moun koule nan peyi a pou reklame yon meyè vi pou tout moun viv tankou moun.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …