AYITI/MANIFESTASYON: MANIFESTASYON OPOZISYON AN POU 216 LANE BATAY VÈTYÈ A PA FÈ RESÈT YO TE SWETE A.

Malgre gwo mobilizasyon nan plizyè medya, sou rezo sosyo yo manifestasyon opozisyon an pa rive fè resèt ayè lendi 18 novanm 2019 la nan kapital peyi Dayiti a malgre senatè Yourry Latortue te nan tèt manifestasyon an.

Manifestan yo ki te plizyè santèn te trè vyolan tanzantan yo tap voye wòch sou biznis yo te jwenn sou wout yo, te gen ladan yo ki tap fouye moun ki te menm ap manifeste ak yo, selon temwanyaj kèk moun ki te viktim nan manifestasyon an yo fè konnen anpil nan manifestan yo te gen zam ak kouto pou te fè presyon sou moun yo.

Yon manifestasyon ki te kreye  anpil panik nan zòn Delmas sitou nan blòk 66, 75, 83, 95 pou site sa yo, tout moun te oblije ap kouri antre lakay yo fèmen pòt yo, anpil katouch tap tire, yon jounalis Kapital Fm pran yo bal san konte plizyè lòt ki pran kout wòch, lapolis te oblije fè entèvansyon gaz lakrimojèn pou te evite plis dega.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …