AYITI/KOMEMORASYON: 216 LANE BATAY VÈTYÈ A SELEBRE NAN GWO CHIRE PIT ANT PITIT PEYI A.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise nan tèt kolè ak plizyè manm nan gouvènman an li an san prezans prezidan asanble nasyonal la, san prezans prezidan chanm ki pi ba a, san prezans prezidan kou kasasyon ak plizyè lòt rive make dat istorik sa ki vle di anpil kichòy pou pèp ayisyen ki te fè yon gwo viktwa sou lame fransèz la.

Pou te komemore jou sa prezidan an nan te depoze yon jèb flè nan mize pantèwon nasyonal (MUPANAH) kote li te jwenn sipò premye minis pou ti bout tan an Michel Lapin, minis jistis la Jean Roudy Aly, minis enteryè ak kolektivite tèritoryal Pierre Josué Agenor Cadet ki an menm tan se minis edikasyon nasyonal peyi Dayiti, wo eta majò lame a, chèf polis la Normil Rameau ak direktè jeneral pou site sa yo. Touswit apre prezidan an te rann li nan lakou palè nasyonal pou te kontinye seremoni an.

Lyetnan kolonèl jeneral lame a nan diskou li salye kouraj jèn sòlda yo genyen kote anba katouch yo tal retire barika pou pèmèt popilasyon vakye ak aktivite yo, li fè yo konnen yo pa vin nan lame pou fè chèlbè pou tonton, pou manman, pou zanmi men paske peyi a bezwen yo.

Prezidan repiblik la bò kote pa li preche inite nan mitan pitit tè peyi Dayiti, li mande tout moun nan tout kouch nan sosyete a pou vin mete men nan pat la avèk li pou bay peyi a yon chans pou pèmèt popilasyon an soti nan mizè sa kote timoun pa ka ale lekòl, yo pa ka jwenn swen sante, yo pa ka jwenn kote pou degaje yo pou site sa yo.

Yon lòt bò opozisyon an te foule beton an pou manifeste epi mande prezidan repiblik la Jovenel Moïse lage pyel, yon divizyon kap antere peyi a de jou an jou nan lamizè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …