AYITI/ESPÒ: KÒB ANTRENÈ AYISYEN AN AP TOUCHE NAN SELEKSON NASYONAL LA PRAN LARI.

Sis san (600) mil dola sou yon kontra de (2) lane, se kantite lajan federasyon ayisyèn foutbòl la peye Marc Colat ki se antrenè seleksyon nasyonal la.

Se Wilner Étienne ki devwale enfòmasyon sa maten lendi 25 novanm 2019 la nan yon emisyon ki tap fèt sou radyo Énergie. Seleksyonè fransè a ki gen 69 lane selon detay yo resevwa nan men federansyon an pa mwa 25 mil dola ameriken.

Nap fè konnen Marc Colat deja jwe 38 match ak ekip nasyonal la, li fè 16 viktwa, 10 match nil, li pèdi 12.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …