AYITI/ENSEKIRITE: ANBASAD PEYI ETAZINI PA MET GONM NAN ZÒRÈY YO APRE DEKLARASYON ARNEL BELIZAIRE.

Apre deklarasyon ansyen depite Delmas a Anel Belizaire nan yon radio nan kapital la kote li menase atake plizyè enstitisyon nan peyi a ladan yo anbasad Etazini, otorite anbasad yo mande lapolis ak otorite konsène yo pou pran tout dispozisyon pou garanti sekirite nan peyi a.

Anbasad la mande tout resòtisan li yo pou pridan nan dènye jou sa yo.

Ansyen depite a san kè sote menase atake ak sòlda li lekòl ameriken Union School ki chita kò li nan zòn Kanapevè, la Couronne, anbasad Etazini nan peyi Dayiti pou site sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …