AYITI/KONFERANS: « LAKAY » BAY POZISYON LI SOU KRIZ KAP RAVAJE PEYI A NAN DÈNYE JOU SA YO.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 28 novanm 2019 la « LAKAY » bay pozisyon li sou kriz ki gen nan peyi a depi plizyè mwa kote yo mande pou tout pitit peyi a chita ansanm pou dyaloge pou soti peyi a nan twou li ye a.

« LAKAY » ki se Lig Ayisyen pou kore Ayiti di yo bouke wè di li bouke wè nèg ak zak dèyè barikad yo, yo bouke wè moun ap kontinye mouri kwabosal, yo bouke wè timoun gen twa mwa depi yo pa ka ale lekòl, yo bouke wè peyizan fin rekòlte pwodui yo pa ka rive nan kapital la.

LAKAY mande pou PASSERELLE mete gouvènman an chita ansanm ak opozisyon an pou rezoud kriz la pou retire popilasyon an nan lanfè sa paske selon yo se nan chita ansanm yap rive jwenn yon solisyon nan kriz la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …