AYITI/ENSANDI: BANDI SAN FWA NI LWA KONTINYE AP MET DLO NAN JE MOUN KAP REDI NAN PEYI A.

Bandi san fwa ni lwa mete dife nan « librairie Dieu de l’amitié » ki chita kò li nan ri bòn fwa, zòn Bèlè ak katedral pòtoprens nan lannwit jedi 5 desanm 2019 lan.

Zak sa pwodui apre yon endividi ki te fin rele mèt libreri a Mèt Michel Jacques nan telefòn pou mande li senkant (50 000) mil dola vèt pou gwoup li achte zam ak katouch pou yo al goumen paske yo nan gè. Endividi sa te site non kek baz kap goumen yon fason pou te fè gwo presyon sou Mèt Jacques DG libreri a ki pat an mezi pou bay sòm lajan sa. DG te reponn pou di endividi malonèt sa  » siw gen yon pwoblem poum ede w pagen pwoblem men si pou jwenn lajan pou ba ou al achte zam ak katouch mpap genyen frèm pliske biznis lan pap fonksyon depi plizyè mwa koz peyi a ki fèmen (lòk).

Bandi yo ki pat pran tan nan menm moman , ki pat konprann Librè a retounen rele l yon fwa ankò fèl konnen lap bay 40 mil dola vèt si non rele ponpye paske yap boule Libreri a. Jan menas la te fet la nan kek minit ankò apel DG a resevwa se dife ,malgre entèvansyon tout sapè ponpye nan zòn metwopilitèn lan dife a pat ka etenn jiska samdi swa 7 Desanm lan. Yon zak selon pwopryetè viktim lan Michel Jacques ak fanmi li ki pa dwe rete enpini,fok otorite jidisyè ak polisyè yo mennenen bonjan ankèt pou rive mete lapat sou otè zak krimikel sila ki deja lage anpil jenn gason ak jenn fanm nan chamaj san kobtan paran, responsab lekol ki se klyen  » librairie Dieu de l’amitié.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …