AYITI/POLITIK: OPOZISYON AN PASE WÈ ANSYEN DEPITE ARNEL BELIZAIRE NAN PENITANSYE NASYONAL

Yon delegasyon palmantè nan opozisyon an rann yon vizit ak ansyen depite Dèlmas/Taba a Arnel Belizaire nan penitansye nasyonal jounen madi 17 desanm 2019 la.

Yon delegasyon ki te gen ladann Printemps Bélizaire, Joseph Manès Louis, Pierre Fekquière Julien, palmantè sa yo fè konnen arestasyon konfrè yo Arnel Belizaire ki gen plizyè chay sou do li tankou konplo kont site de leta ak anpil lòt ilegal.

Nap raple Arnel Belizaire te jwenn arestasyon li 30 novanm 2019 pase a nan vil Jakmèl apre li te fin kouri nan jounen 29 novanm nan nan vil Senmak kote lapolis te gen manda pou te arete li apre yon kokenn chèn menas li te fè nan yon radio nan kapital la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …