AYITI/NETWAYAJ: JÈN KAP VIV NAN KOMIN AKEN LANSE YON MOUVMAN POU KENBE VIL LA PWÒP.

 » Pedale nan pwòpte pou yon Aken pibèl », se sou tèm sa plizyè jèn nan vil Aken òganize 3 jounen pwòpte jou ki te 29 ,30 ak 31 desanm 2019 lan nan objektif pou sansibilize tout Akinwa nan tout kouch sou nesesite ki genyen pou kenbe vil pwòp.

Sou bekàn, ak sachè nan men plizyè santèn jèn, adolesan te siyonnen plizyè ri ak katye dezyèm vil depatman sid la pou ranmanse fatra. Malgre lapli tap tonbe jèn yo pat kanpe, nan yon anbyans san parèy, jèn yo pat kanpe , detèmine pou fini pakou a yo te deja defini.

Twazyèm edisyon sa se yon reyisit daprè Jean John Carly youn nan manm òganizatè yo. Poze li kesyon sou eta vil la aprè 3 jounen pwòpte sa, Carly fè konnen aktivite sa pap kanpe yap kontinye ak sansibilizasyon an pou vil la ka toujou bèl. Lite pwofite reklame sipò otorite yo nan sans sa.

Pilwen responsab rezo Aquin an remesye epi felisite tout moun Aken kite patisipe yon fason oubyen yon lòt nan aktivite sa ane a. Li anonse ane kap vini kap vini la yap abòde yon lòt pwoblèm ke vil la ap konfronte.

Aken pa premye vil ki òganize jan aktivite sa. Plizyè vil nan peyi a fè li deja tankou Okay, Lewogàn elatriye.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …