Nan yon twit, ministè kominikasyon anonse ke egzamen bakalorya pèmanan pou ane lekòl 2019-2020 yo ap fèt nan dat 17 pou bout 21 fevriye 2020 kap vin la nan tout peyi a.
Selon twit la enskripsyon pou tout kandida ki gen pou patisipe nan egzamen sa yo ap kòmanse nan peryòd 13 pou rive 24 janvye 2020 kap vin la nan tout direksyon depatmantal edikasyon #DDE yo.