LANASA DEKOUVRI YON NOUVO PLANÈT KI MENM GWOSÈ AK PLANÈT TÈ A

<<Toi 700d>> se non nouvo planèt lanasa dekouvri daprè yon kominike responsab yo fè soti nan dat lendi 6 janvye pase a

Responsab National Aeronautics and Space Administration anpil moun konnen sou non (NASA) yo, fè konnen yo rive dekouvri planèt sila gras ak Satellites Tess yo a ki la pou chase planèt epi ale pilwen pou fè konnen planèt « Toi 700d » a gen menm gwosè ak planèt kote nap viv la yo pa ni twò lwen ak ni twò pre etwal yo an e yo pa ekate twòp posiblite pou jwenn dlo ladan

Pou fini Jet propulsion an fè konnen planèt sa pwòch ak nou avèk san lane limyè, nan kad konferans ivènal sosyete amerikèn astwonomi nan Honolulu.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …